Acts 4:33-35

Haitian(i) 33 Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. 34 Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an 35 renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.