Acts 5:29-33

Haitian(i) 29 Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun. 30 Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a. 31 Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo. 32 Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo. 33 Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo.