Colossians 3:5-7

Haitian(i) 5 Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). 6 Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li. 7 Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo.