Haitian(i)
4 Men, lè l'a fin chita pouvwa li byen chita, gwo peyi l'ap gouvènen an pral separe fè kat pòsyon. Men, se p'ap pitit li yo ki pral gouvènen nan plas li. Se va kat lòt moun. Men, yo p'ap gen pouvwa li menm li te genyen an.
5 Wa peyi Lejip la pral vin fò anpil. Men, yonn nan jeneral lame li yo pral pi fò pase l'. Li pral gouvènen yon peyi ki pi gran pase pa l' la toujou.
6 Apre kèk lanne, wa peyi Lejip la pral siyen kontra ak wa peyi Siri a. Pitit fi wa peyi Lejip la pral marye ak wa peyi Siri a pou kontra a ka kenbe. Men, kontra a p'ap rete lontan, paske yo pral touye ni li, ni mari l', ni pitit li, ni moun li te mennen avè l' lè sa a.
7 Kèk tan apre sa, yonn nan fanmi l' yo va moute wa. Li pral atake lame wa peyi Siri a. L'ap antre nan sitadèl wa a, l'ap goumen avè l'. L'ap soti pi fò pase l'.
8 L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip. Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l' te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a.
9 Wa peyi Siri a pral atake peyi Lejip. Men, l'ap blije kase tèt tounen lakay li.
10 Pitit gason wa peyi Siri a pral pare pou y' al goumen. Y'ap sanble yon gwo lame ak anpil sòlda. Yonn ladan yo pral parèt tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap travèse fwontyè a, l'ap atake yon fò lènmi epi l'ap kouri tounen lakay yo.
11 Wa peyi Lejip la pral fache. Li pral leve yon gwo lame pou li al goumen ak wa peyi Siri a, l'ap fè tout sòlda lame wa peyi Siri a prizonye.
12 L'ap kraze gwo lame wa Siri a. Li pral gonfle lestonmak li, l'ap fè touye anpil sòlda. Men, apre sa, l'ap pèdi fòs li.
13 Wa peyi Siri a ap tounen ankò, l'ap sanble yon lame pi gwo pase sa l' te gen anvan an. Apre kèk lanne, l'ap parèt ak yon gwo lame ak anpil zam.
14 Lè sa a, anpil pèp pral leve kont wa peyi Lejip la. Danyèl, jan ou te wè l' nan vizyon an, kèk lwijanboje nan moun peyi ou la pral leve kont wa a tou, men y'ap kraze yo.
15 Se konsa, wa peyi Siri a pral sènen yon lavil ki gen gwo ranpa. L'ap pran l'. Sòlda lame peyi Lejip yo p'ap ka kenbe tèt avè l'. Menm pi bon nan sòlda yo p'ap gen fòs ankò pou kenbe.
16 Lame peyi Siri a pral fè sa li vle ak peyi Lejip. Pesonn p'ap ka kenbe tèt avè l'. L'ap rete kèk tan nan pi bèl peyi ki sou latè a. L'ap detwi tou sa ki tonbe anba men l'.
17 Wa Siri a ap mete nan tèt li pou l' pran tout peyi lòt wa a pou li. L'ap siyen yon kontra avè l'. Pou l' ka pran l' pi byen, l'ap ba li pitit fi li a pou madanm. Men, plan an p'ap pran, sa p'ap mache.
18 Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l' sou kous li. L'ap fè l' sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.
19 Wa a ap tounen nan fò ki nan peyi pa l' yo. Men, wè pa wè, y'ap kraze l', y'ap fini nèt avè l', l'ap disparèt.
20 Apre li, ap gen yon lòt wa k'ap voye yon chèf pou peze pèp la. L'ap egzije pèp la peye taks pou yo plen kès wa a. Anvan lontan y'ap touye wa a, men se p'ap bagay k'ap rive ni an piblik ni nan lagè.