Daniel 3:16-19

Haitian(i) 16 Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou. 17 Si Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l'. 18 Men, menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p'ap adore bondye pa ou yo, ni nou p'ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a. 19 Lè wa Nèbikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kolè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l' la.