Haitian(i) 3 Nou fè kont moute desann nou nan mòn yo. Koulye a, pran direksyon nò pou nou. 4 Bay pèp la lòd sa a: Nou pral pase nan mitan peyi Seyi a, kote pitit pitit Ezaou yo rete a. Moun sa yo se menm ras ak nou yo ye. Y'ap pè nou, men, atansyon!