Deuteronomy 3:3-11

Haitian(i) 3 Se konsa Seyè a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pèp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pesonn chape. 4 Konsa tou, nou pran tout lavil yo pou nou. Pa t' gen yonn menm ki pa t' tonbe nan men nou. Antou nou te pran swasant lavil, tout lavil ki te nan zòn Agòb la, kote Og, wa Bazan an, t'ap gouvènen. 5 Tout lavil sa yo te gen bèl defans. Yo te gen ranpa byen wo, gwo baryè ak ba solid pou fèmen baryè yo. Nou te pran tou yon bann lòt lavil ki pa t' gen ranpa. 6 Nou detwi yo nèt pou Bondye tankou yon ofrann, menm jan nou te fè l' pou Siyon, wa lavil Esbon an. Nou touye tout moun ki te nan lavil yo, fanm kou gason, timoun kou granmoun. 7 Men, nou pran tout zannimo yo ak tout lòt bagay ki gen valè nan lavil yo pou nou. 8 Se konsa, lè sa a, nou pran pou nou peyi tou de wa peyi Amori yo ki t'ap viv sou bò solèy leve, depi ravin Anon jouk mòn Emon, lòt bò larivyè Jouden an. 9 Moun Sidon yo rele mòn Emon an Siryon, men moun Amori yo menm rele l' Seni. 10 Nou pran tout lavil ki nan gwo platon sou tèt mòn yo, tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an rive jouk Salka ak Edreyi, de lavil ki te pou Og, wa Bazan an. 11 (Og, wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)