Ecclesiastes 10:4-6

Haitian(i) 4 Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè. 5 Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa. 6 Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba.