Ecclesiastes 10:5-7

Haitian(i) 5 Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa. 6 Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba. 7 Mwen wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k'ap mache apye tankou esklav.