Exodus 21:13-14

Haitian(i) 13 Men, si se pa espre li fè, si se Bondye ki fè lòt moun lan tonbe anba men l', m'ap chwazi yon kote pou l' ale kache kò l'. 14 Men, si yon moun chache yon lòt kont, epi li fè plan pou li touye l', li te mèt al kache bò kote lòtèl mwen an, se pou n al pran l' pou nou touye l'.