Exodus 24:8-11

Haitian(i) 8 Lè sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l' sou pèp la, li di: -San sa a sèvi pou siyen kontra Seyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo. 9 Moyiz moute sou mòn lan ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. 10 Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l', te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nwaj menm ladan li. 11 Seyè a pa t' fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè.