Exodus 26:22-29

Haitian(i) 22 W'a fè sis ankadreman pou dèyè tant Bondye a, sou bò lwès la, 23 ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dèyè tant Bondye a. 24 Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lòt pa anba. y'a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w'a moute de ankadreman k'ap fè kwen yo. 25 Konsa, va gen wit ankadreman avèk sèz sipò an ajan, de sipò anba chak ankadreman. 26 W'a fè travès ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bò sid tant Bondye a, 27 senk pou ankadreman sou bò nò a, senk pou ankadreman ki sou bò lwès la, pa dèyè. 28 Travès mitan an, k'ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lòt bout. 29 W'a kouvri tout kò ankadreman yo ak lò. W'a moute gwo bag an lò sou yo pou kenbe travès yo. W'a kouvri travès yo ak lò tou.