Haitian(i)
6 y'a fè jile a ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a fè bèl bodri byen fèt sou li.
7 Va gen de zèpòlèt, yonn chak bò jile a. Se yo ki pou tache moso devan an ak moso dèyè a ansanm.
8 Bèl sentiwon byen bwode ki pou kenbe jile a va fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a sou li tou. y'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere.
9 W'a pran de pyè oniks, w'a grave non branch fanmi douz pitit Izrayèl yo sou yo.
10 W'a grave non sis sou yon pyè, ak non sis sou lòt la, dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti a.
11 Avèk ladrès òfèv ki konn grave non sou bag, ou ankò ladrès atizan ki konn fè so, w'a grave non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou de pyè yo, epi w'a moute pyè yo chak sou yon moso lò.
12 W'a moute yo sou de zèpòlèt jile a pou yo pa bliye branch fanmi pèp Izrayèl yo. Konsa, Arawon va pote non yo sou zepòl li pou Seyè a pa janm bliye yo.
13 W'a pran de moso lò pou moute pyè yo sou yo.
14 W'a fè de ti chenn ak pi bon kalite lò ki genyen. Chenn yo va trese tankou ti kòdon. W'a tache yo sou moso lò yo.
15 W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.
16 Plastwon an va mezire nèf pous kare kare, l'a double.
17 W'a moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, va gen yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd.
18 Nan dezyèm ranje a, va gen yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman.
19 Nan twazyèm ranje a, va gen yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis.
20 Nan katriyèm ranje a, va gen yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. y'a moute tout pyè sa yo chak sou yon moso lò.
21 Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag.
22 W'a pran pi bon kalite lò ki genyen, w'a fè de ti chenn pou plastwon an. W'a trese yo tankou ti kòdon.
23 W'a fè de ti bag an lò, w'a tache yo nan de bout anwo plastwon an.
24 W'a mare de ti chenn yo nan de bag yo.
25 W'a pran de lòt bout chenn yo, w'a fè yo pase pa devan jile a, w'a tache yo sou de moso lò ki sou zèpòlèt jile a.
26 W'a fè ankò de lòt bag an lò, w'a tache yo nan de bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a.
27 W'a fè de lòt bag an lò ankò, w'a tache yo anba zèpòlèt jile a pa devan, toupre kouti a anwo tèt sentiwon bwode a.
28 y'a mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a.
29 Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l', sou plastwon an, konsa Seyè a p'ap janm bliye yo.
30 W'a mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l' lè l'ap parèt devan lòtèl Seyè a. Lè l'a kanpe devan lòtèl Seyè a, l'a toujou pote sou kè l' sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m'.