Exodus 37:10-16

Haitian(i) 10 Li fè tab la an bwa zakasya. Tab la te mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè. 11 Li kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen, li mete yon bòdi an lò fè wonn li. 12 Li mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi li kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò. 13 Li fè kat gwo bag tou won an lò. Li moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a. 14 Li te moute bag won yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo yo pase poto bwa ki pou sèvi pou pote tab la. 15 Li fè poto yo ak bwa zakasya, epi li kouvri yo nèt ak lò. Se poto sa yo ki sèvi pou pote tab la. 16 Li fè tout bagay ki pou ale sou tab la: asyèt, bòl, tas, gode, bagay ki pou sèvi lè y'ap fè sèvis pou Bondye. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.