Ezekiel 23:2-16

Haitian(i) 2 -Nonm o! Vwala te gen de fi, pitit menm manman. 3 Depi lè yo te jenn ti nègès y' al fè jennès nan peyi Lejip. Se la yo lage kò yo nan lavi gason. Se la yo kite gason woule tete yo pou premye fwa. 4 Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen. 5 Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo. 6 Mesye sa yo te sòlda avèk bèl inifòm violèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo. 7 Li te kouche ak tout gwo chèf peyi Lasiri yo. Sitèlman li te cho dèyè mesye sa yo, li avili tèt li, li tonbe fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Lasiri yo. 8 Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès. 9 Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa! 10 Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa. 11 Atout Oliba, sè l' la, te wè sa, li lage kò l' nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola. 12 Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason. 13 Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a. 14 Men, Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo. 15 Avèk bèl sentiwon pase nan ren yo, tèt yo mare ak bèl mouchwa madras, mesye yo te abiye tankou gwo chèf. Se te pòtre moun peyi Babilòn. Se la yo te fèt. 16 Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn.