Ezekiel 48:15-22

Haitian(i) 15 Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'. 16 Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2520) mèt chak bò. 17 Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven (120) mèt lajè. 18 Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la. 19 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a. 20 Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou. 21 Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'. 22 Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.