Ezra 7:1-5

Haitian(i) 1 Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija. 2 Ilkija te pitit Chaloum, Chaloum te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Achitoub. 3 Achitoub te pitit Amarya, Amarya te pitit Azarya, Azarya te pitit Merajòt. 4 Merajòt te pitit Zeraja, Zeraja te pitit Ouzi, Ouzi te pitit Bouki. 5 Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la.