Haitian(i)
1 Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre.
2 Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la.
3 Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.
4 Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la.
5 Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.
6 Sara di konsa. Bondye fè m' bagay ki fè m' ri. tout moun ki tande sa pral ri avè m' tou.
7 Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.