Genesis 24:26-27

Haitian(i) 26 Lè sa a, nonm lan tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a. 27 Li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an. Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l' la. Li mennen m' tout dwat lakay fanmi mèt mwen an.