Genesis 24:64-65

Haitian(i) 64 Menm lè a tou, Rebeka leve je l', li wè Izarak. Li desann chamo a. 65 Li mande domestik la: -Ki msye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an? Domestik la reponn li: -Se mèt mwen an wi. Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l'.