Genesis 5:21-24

Haitian(i) 21 Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. 22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 23 - 24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.