Isaiah 14:4-6

Haitian(i) 4 Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non! 5 Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an! 6 Lè yo move, yo te konn woule pèp la anba kou. Lè yo ankòlè, yo te konn kraze pèp la anba pye yo, yo pa t' ba yo souf.