Isaiah 21:16-17

Haitian(i) 16 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p'ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a! 17 Ou tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.