Isaiah 41:15-16

Haitian(i) 15 M'ap fè nou tounen yon machin pou raboure tè, yon machin tou nèf avèk dan byen file. Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo. Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè. 16 Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.