Isaiah 45:7-8

Haitian(i) 7 Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa. 8 M'ap rete nan syèl la, m'ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli, pou nou ka gen batay la. Latè pral louvri de bra l' pou resevwa l'. Delivrans pral fleri sou latè, lajistis pral boujonnen toupatou. Se mwen menm Seyè a k'ap fè tou sa rive.