Isaiah 66:13-14

Haitian(i) 13 Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm. 14 Lè n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouraj ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Seyè a, m'ap pwoteje sèvitè m' yo, men lènmi m' yo va konnen jan m' konn fache.