Jeremiah 22:11-12

Haitian(i) 11 Paske men mesaj Seyè a bay sou Chaloum, pitit Jozyas, ki te vin wa peyi Jida nan plas papa l': Li pati kite isit la, li p'ap janm tounen. 12 Paske kote yo depòte l' la, se la li pral mouri. Li p'ap janm wè peyi a ankò.