Jeremiah 52:27-30

Haitian(i) 27 Wa a fè bat yo, lèfini li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun peyi Jida yo byen lwen peyi yo. 28 Men kantite moun wa Nèbikadneza te depòte: Nan setyèm lanne rèy li a, li depòte twamil venntwa (3.023) moun peyi Jida. 29 Nan dizwityèm lanne rèy li a, li depòte witsantrannde (832) moun lavil Jerizalèm. 30 Nan venntwazyèm lanne rèy li a, Neboucharadan, chèf lagad la, te pran sètsankarannsenk (745) moun. Antou sa te fè katmil sisan (4.600) moun yo te depòte.