Job 11:13-19

Haitian(i) 13 Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye. 14 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou. 15 Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen. 16 W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò. 17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou. 18 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze. 19 Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.