Job 20:23-26

Haitian(i) 23 Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li. 24 Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak. 25 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas. 26 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.