Job 30:7-9

Haitian(i) 7 Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan. 8 Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a. 9 Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.