Job 33:18-28

Haitian(i) 18 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. 19 Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo. 20 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou. 21 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen. 22 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen. 23 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo. 24 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li. 25 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn. 26 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun. 27 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a. 28 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.