Job 39:1-4

Haitian(i) 1 Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba? 2 Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt? 3 Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a? 4 Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen.