Joshua 17:1-12

Haitian(i) 1 Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan. 2 Apre sa, yo bay fanmi lòt pitit Manase yo yon pòsyon nan tè a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pòsyon pou pitit Abyezè yo, yon pòsyon pou pitit Elèk yo, yon pòsyon pou pitit Asriyèl yo, yon pòsyon pou pitit Sichèm yo, yon pòsyon pou pitit Efè yo, yon lòt pòsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozèf la. 3 Nan branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efè. Efè sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pa t' gen pitit gason menm. Se fi ase li te fè. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. 4 Yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf yo. Yo di yo konsa: -Seyè a te bay Moyiz lòd pou l' te ban nou yon pòsyon nan tè a, tankou tout moun nan fanmi an. Se konsa, jan Seyè a te bay lòd la, yo ba yo yon pòsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo. 5 Konsa yo te rive bay moun Manase yo dis pòsyon tè, san konte peyi Galarad ak peyi Bazan ki lòt bò larivyè Jouden an, 6 paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l' yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo. 7 Men limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo. 8 Tout peyi Tapwak la te pou moun Manase yo. Men, lavil Tapwak ki sou fwontyè a te pou moun Efrayim yo. 9 Limit la desann nan ravin Kana a, li pase sou bò nò ravin lan epi l' al bout nan lanmè. Tout lavil ki te sou bò sid ravin lan, atout yo te nan mitan tè moun Manase yo, se pou moun Efrayim yo yo te ye. 10 Moun Efrayim yo te anba sou bò sid, moun Manase yo te anwo sou bò nò, avèk lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. Pòsyon tè yo a te rive sou lizyè tè moun Asè yo sou bò nò ak lizyè tè moun Isaka yo sou bò lès. 11 Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo. 12 Men, moun fanmi Manase yo pa t' kapab mete moun ki t'ap viv nan lavil sa yo deyò. Se konsa moun Kanaran yo te rive rete nan peyi a.