Leviticus 14:54-57

Haitian(i) 54 Men regleman pou nou swiv lè yon moun gen move maladi po osinon pyas, 55 lè kanni tonbe sou rad osinon lè salpèt parèt nan yon kay, 56 lè yon moun gen yon kote sou po l' ki anfle osinon lè li gen yon bouton ou ankò yon tach ki parèt sou po l'. 57 Se konsa n'a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.