Haitian(i)
1 Yo t'ap pwoche bò Jerizalèm, bò bouk Betfaje ak Betani, yo te rive sou mòn Oliv l'a. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo.
2 Li di yo: -Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pesonn poko janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen.
3 Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt la ki bezwen li. L'ap voye ti bourik la tounen touswit.
4 Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li.
5 Kèk moun ki te la di yo konsa: -Sa n'ap fè la a? Pouki n'ap lage ti bourik la?
6 Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale.
7 Yo mennen ti bourik la bay Jezi; yo mete rad sou do li, epi Jezi moute chita.