Mark 14:12-16

Haitian(i) 12 Premye jou fèt Pen san ledven an, jou yo te konn touye ti mouton pou manje Delivrans lan, disip yo di Jezi konsa: -Ki bò ou ta vle n' al pare Fèt Delivrans lan? 13 Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: -Ale lavil la; n'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li. 14 Kote la antre a, antre dèyè li. n'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l' manje manje Delivrans lan avèk disip li yo. 15 La moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout. 16 Disip yo pati, yo rive lavil la; yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.