Mark 15:12-14

Haitian(i) 12 Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: -Enben, kisa nou vle m' fè avèk nonm yo rele wa jwif la? 13 Yo rele byen fò: -Kloure l' sou yon kwa! 14 Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l' sou yon kwa!