Mark 15:29-32

Haitian(i) 29 Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l'; yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l' nan twa jou, 30 sove tèt ou non, desann sou kwa a. 31 Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l' nan rizib. Yonn t'ap di lòt: -Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li! 32 Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.