Matthew 24:15-16

Haitian(i) 15 Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.) 16 Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn.