Matthew 24:15-18

Haitian(i) 15 Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.) 16 Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn. 17 Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la. 18 Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj.