Matthew 24:40-42

Haitian(i) 40 Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 41 Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 42 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.