Haitian(i)
24 Se konsa Moyiz soti, li di pèp la tou sa Seyè a te di l'. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a.
25 Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.
26 Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pa t' ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.