Numbers 21:26-28

Haitian(i) 26 Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon. 27 Se poutèt sa sanba yo di: -Ann ale Esbon! Ann al bati l' ankò! Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l' ankò! 28 Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an.