Numbers 26:29-32

Haitian(i) 29 Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo. 30 Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo, 31 fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo, 32 fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo.