Numbers 2:18-24

Haitian(i) 18 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan. 19 Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan divizyon sa a. 20 Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a. 21 Dapre resansman an, te gen tranndemil desan (32.200) gason nan divizyon sa a. 22 Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a. 23 Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan (35.400) gason nan divizyon sa a. 24 Konsa, anba làbanyè Efrayim lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou san witmil san (108.100) gason. Se toujou yo menm ki pou mache an twazyèm pozisyon lè y'ap deplase.