Numbers 2:3-9

Haitian(i) 3 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a. 4 Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan (74.600) gason nan divizyon sa a. 5 Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a. 6 Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan (54.400) gason nan divizyon sa a. 7 Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a. 8 Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan (57.400) gason nan divizyon sa a. 9 Konsa, anba làbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan (186,400) gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase.