Numbers 31:50-54

Haitian(i) 50 Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras. 51 Moyiz ak Eleaza, prèt la, resevwa tout bijou lò yo te pote yo. 52 Sa te fè katsan (400) liv konsa chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo te pote bay Moyiz ak Eleaza ki te resevwa yo pou Seyè a. 53 Men, sòlda yo menm te kenbe sa yo te pran pou tèt pa yo. 54 Se konsa Moyiz ak Eleaza, prèt la, pran lò chèf divizyon mil ak chèf konpayi san yo te pote ba yo a, yo pote l' nan Tant Randevou a, pou Seyè a te ka toujou chonje pwoteje pèp Izrayèl la.