Numbers 33:52-53

Haitian(i) 52 se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo. 53 N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l' paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.