Numbers 3:2-4

Haitian(i) 2 Men non pitit Arawon yo: se te Nadab, pi gran an. Apre li vin Abiyou, Eleaza ak Itama. 3 Se yo menm Bondye te chwazi, li te ba yo pouvwa pou yo te sèvi l' prèt. 4 Men, Nabad ak Abiyou te mouri nan dezè Sinayi a, lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' gen dwa ofri ba li. Yo pa te gen pitit. Konsa, se Eleaza ak Itama ki te sèvi prèt ansanm ak Arawon, papa yo.